Jozafa mouri, yo antere l nan tonm wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fòtèy la nan plas li. Joram, pitit Jozafa, wa peyi Jida a, te gen sis frè: Azarya, Jeyèl, Zakari, Azaryawou, Mikayèk ak Chefatyawou. Papa yo te ba yo chak yon kantite lò, ajan, ak tout kalite lòt bagay ki gen valè. Li mete yo chèf nan gwo lavil ki gen miray ranpa nan peyi Jida a. Men li te mete Joram wa nan plas li, paske Joram te premye pitit gason l.
Li 2 Kwonik 21
Koute 2 Kwonik 21
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 21:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo