2 Kwonik 20:5-13

2 Kwonik 20:5-13 HAT98

Jozafa rete kanpe nan mitan tout pèp peyi Jida a, ansanm ak pèp lavil Jerizalèm lan, devan lakou nèf Tanp Senyè a. Li lapriyè byen fò, li di: — Senyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pèsonn pa ka kenbe tèt avè ou. Ou se Bondye nou. Se ou menm ki te mete tout moun ki te rete nan peyi sa a deyò fè plas pou pèp Izrayèl la. Lèfini, ou bay tout pitit Abraram, zanmi ou lan, peyi a pou l rele yo pa yo pou tout tan. Se isit la yo rete, yo bati yon tanp pou ou. Yo te di nenpòt malè ki ta ka tonbe sou yo pou pini yo: te mèt lagè, te mèt chatiman, te mèt move maladi osinon grangou, y'ap vin kanpe devan ou, devan Tanp sa a, paske se nan Tanp sa a ou ye. Nan tout mizè yo, y'a lapriyè nan pye ou. W'a tande yo, w'a delivre yo. Koulyeya, moun peyi Amon, peyi Mowab ak peyi Edon vin atake nou. Lè zansèt nou yo t'ap soti kite Lejip, ou pa te kite yo antre nan peyi moun sa yo. Se konsa yo te chankre pou yo pa te pase lakay yo, yo pa detwi yo. Gade ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an! Ou sse Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou nou kanpe devan gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè. N'ap tann sa ou pral fè pou nou. Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Senyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.