Apre sa, li fè yo pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad seremoni yo sou yo. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: — Beniswa Letènèl! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Senyè a, Senyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la. Moun peyi Amon ak peyi Mowab atake lame moun mòn Seyi, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt. Lè moun peyi Jida yo rive sou tèt yon ti bit kote yo ka wè tout dezè a, yo voye je yo gade kote lènmi yo ye a, yo wè yo tout te kouche mouri atè a. Pat gen yon moun ki te chape. Jozafa ansanm ak lame li a desann al piye tou sa lènmi yo te kite, yo jwenn kantite bèt, pwovizyon, rad ak anpil lòt bagay ki te gen valè. Yo pase twa jou ap ranmase. Men te gen sitèlman, yo pat ka pran tout pote ale. Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon Benediksyon an pou fè lwanj Senyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.
Li 2 Kwonik 20
Koute 2 Kwonik 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 20:21-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo