Kèk tan apre sa, moun Mowab ak moun Amon mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa. Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l konsa: — Men yon gwo lame sòti nan peyi Edon lòt bò Lanmè Mouri a vin atake ou. Yo gentan pran lavil Azason Tama. Azason Tama, se yon lòt non yo te bay lavil Angedi. Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn. Moun sòti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Senyè a.
Li 2 Kwonik 20
Koute 2 Kwonik 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 20:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo