2 Kwonik 20:1-23

2 Kwonik 20:1-23 HAT98

Kèk tan apre sa, moun Mowab ak moun Amon mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa. Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l konsa: — Men yon gwo lame sòti nan peyi Edon lòt bò Lanmè Mouri a vin atake ou. Yo gentan pran lavil Azason Tama. Azason Tama, se yon lòt non yo te bay lavil Angedi. Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn. Moun sòti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Senyè a. Jozafa rete kanpe nan mitan tout pèp peyi Jida a, ansanm ak pèp lavil Jerizalèm lan, devan lakou nèf Tanp Senyè a. Li lapriyè byen fò, li di: — Senyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pèsonn pa ka kenbe tèt avè ou. Ou se Bondye nou. Se ou menm ki te mete tout moun ki te rete nan peyi sa a deyò fè plas pou pèp Izrayèl la. Lèfini, ou bay tout pitit Abraram, zanmi ou lan, peyi a pou l rele yo pa yo pou tout tan. Se isit la yo rete, yo bati yon tanp pou ou. Yo te di nenpòt malè ki ta ka tonbe sou yo pou pini yo: te mèt lagè, te mèt chatiman, te mèt move maladi osinon grangou, y'ap vin kanpe devan ou, devan Tanp sa a, paske se nan Tanp sa a ou ye. Nan tout mizè yo, y'a lapriyè nan pye ou. W'a tande yo, w'a delivre yo. Koulyeya, moun peyi Amon, peyi Mowab ak peyi Edon vin atake nou. Lè zansèt nou yo t'ap soti kite Lejip, ou pa te kite yo antre nan peyi moun sa yo. Se konsa yo te chankre pou yo pa te pase lakay yo, yo pa detwi yo. Gade ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an! Ou sse Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou nou kanpe devan gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè. N'ap tann sa ou pral fè pou nou. Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Senyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo. Lespri Senyè a desann sou yon moun Levi ki te la nan mitan yo. Li te rele Jaziyèl. Se te yon moun nan branch fanmi Zakari. Zakari sa a te pitit Benaja ki te pitit Jeyèl. Jeyèl te pitit Matanya ki te pitit Asaf. Jaziyèl di konsa: — Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Senyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm. Denmen, nou mèt desann al atake yo. Yo pral pase moute sou ti bit flè yo. N'a kontre ak yo nan pwent ravin ki mennen nan dezè bò Jewouyèl la. Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Senyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Senyè a ap kanpe la avèk nou. Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li devan Senyè a. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm bese tèt devan Senyè a pou adore li. Moun branch fanmi Keyat ansanm ak moun Levi, branch fanmi Kore, leve, yo pran fè lwanj Senyè pèp Izrayèl la byen fò. Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati nan dezè Tekowa a. Lè yo ta pral derape, Jozafa pale ak yo, li di konsa: — Nou menm, moun Jida ak moun Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Senyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la. Apre sa, li fè yo pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad seremoni yo sou yo. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: — Beniswa Letènèl! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Senyè a, Senyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la. Moun peyi Amon ak peyi Mowab atake lame moun mòn Seyi, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt.