Jozafa, pitit Asa, moute wa nan plas papa l. Li ranfòse pozisyon l devan peyi Izrayèl la. Li mete sòlda nan tout lavil ki gen ranpa nan peyi Jida a, li mete gouvènè nan tout peyi Jida a ak nan tout lavil Asa, papa l, te pran nan peyi Efrayim lan. Senyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l, nan konmansman reny li. Li pat kouri dèyè Baal yo. Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pat fè tankou wa Izrayèl yo. Senyè a bay gouvènman l lan fòs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fè lwanj li. Li te pran plezi l nan fè volonte Senyè a. Li fè disparèt tout kote yo t'ap sèvi zidòl nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo.
Li 2 Kwonik 17
Koute 2 Kwonik 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 17:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo