1 Timote 5:3-16

1 Timote 5:3-16 HAT98

Pran swen vèv ki vèv tout bon yo. Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi. Yon fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pèsonn pou okipe l, li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyè tout tan, l'ap mande l konkou lajounen kou lannwit. Men, yon vèv ki lage kò l nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l vivan toujou. Men sa pou ou moutre yo, pou pèsonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo. Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye. Pa mete okenn vèv sou lis toutotan li pa gen swasantan. Epi, se pou l te marye yon sèl fwa. Se pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l konn resevwa moun byen lakay li, si l konn lave pye moun pèp Bondye a, si l ede malere yo, si l fè tout lòt kalite byen. Men, pa mete okenn vèv ki poko gen laj sa a sou lis. Paske, lè anvi a pran yo pou yo marye, yo vire do bay Kris la. Lè konsa yo vin antò, paske yo pa kenbe premye pwomès yo te fè l la. Apre sa, yo pran abitid pèdi tan yo ap mache pòt an pòt. Sa ki pi rèd ankò, yo vin tripòt, fouyapòt. Y'ap foure bouch yo nan sa ki pa gade yo. Se poutèt sa, mwen ta pito wè jenn vèv yo marye pou yo ka gen pitit, pou yo sa okipe kay yo. Konsa, yo p'ap bay lènmi nou yo chans pale nou mal. Paske, gen vèv ki vire do yo deja, y'ap swiv Satan. Si yon fanm kretyen gen vèv nan fanmi li, se pou li ede yo pou yo pa soukont legliz, pou legliz la ka ede vèv ki nan nesesite tout bon yo.