1 Timote 1:5-7

1 Timote 1:5-7 HAT98

W'ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki sòti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye. Gen ladan yo ki pèdi chemen yo, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon san sans. Yo ta renmen pase pou moun k'ap moutre lalwa Bondye a. Men, yo pa konprann anyen ni nan sa y'ap di a, ni nan kèsyon y'ap defann lan.