Frè m yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive. Nou menm nou konn sa byen: Jou Senyè a gen pou l vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit. Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. P'ap gen chape pou yo.
Li 1 Tesalonisyen 5
Koute 1 Tesalonisyen 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Tesalonisyen 5:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo