Nou menm frè m yo, nou konn sa byen: vizit mwen te fè lakay nou an te bay bon rezilta. Mwen te fenk sòti lavil Filip kote yo te maltrete m anpil, kote yo te joure m lan. Men, Bondye ban m fòs ak kouray pou m te ka anonse nou bòn nouvèl ki sòti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn. Paske, lè m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen okenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pèsonn. Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m konfyans, li ban mwen bòn nouvèl li a pou m anonse. Se sa k fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran okenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen. Mwen pa chache lwanj nan men pèsonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun. Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apot li. Non, okontrè. Pandan tout tan mwen te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou manman k'ap pran swen pitit li. Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bòn nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m renmen nou! Nou chonje, frè m yo, jan m te travay, jan m te fatige kò m ap travay lajounen kou lannwit pou m pat sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bòn nouvèl Bondye a.
Li 1 Tesalonisyen 2
Koute 1 Tesalonisyen 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Tesalonisyen 2:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo