1 Tesalonisyen 1:1-10

1 Tesalonisyen 1:1-10 HAT98

Nou menm, Pòl, Silven ak Timote, nou voye lèt sa a bay moun legliz Tesalonik yo k'ap viv nan Bondye, Papa a, ak nan Mèt nou, Jezikri. Benediksyon ak kè poze pou nou. Se tout tan n'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Nou pa janm bliye nou lè n'ap lapriyè. Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Senyè nou an. Mwen konnen, frè m yo, Bondye renmen nou, se li menm ki chwazi nou pou n ka viv pou li. Se pat avèk pawòl ase mwen te anonse nou bòn nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l pou byen nou. Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Senyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri. Se konsa, nou te tounen yon egzanp pou tout moun nan peyi Masedwàn ak nan peyi Lakayi ki gen konfyans nan Bondye. Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesay Senyè a. Se pa sèlman nan Masedwàn ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò. Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m lè m te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an. Y'ap di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan sòti nan lanmò. Se li menm k'ap delivre nou anba kòlè Bondye k'ap vini an.