Men, lavèy jou Sayil rive lavil la, Senyè a te fè Samyèl yon revelasyon. Li te di l konsa:
— Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki sòti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l apa pou l chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.
Lè Samyèl wè Sayil, Senyè a di l konsa:
— Men nonm mwen t'ap pale ou la. Se li ki pral gouvènen pèp mwen an.
Sayil mache sou Samyèl ki te toupre pòtay la. Li mande l:
— Tanpri, moutre m kay divinò a.
Samyèl reponn li:
— Se mwen menm divinò a! Pran devan m, moute sou mòn lan. W'a manje avè m jòdi a. Denmen maten, m'a reponn tout kèsyon ou gen sou kè ou. Apre sa, m'a kite ou al fè wout ou. Kanta manman bourik ou te pèdi depi twa jou yo, ou pa bezwen bat kò ou, paske yo jwenn yo deja. Men, ki moun pèp Izrayèl la ap chache li menm? Se pa ou menm ak tout fanmi papa ou yo?
Sayil reponn li:
— Mwen se moun branch fanmi Benjamen an, yonn nan pi piti branch fanmi nan pèp Izrayèl la. Lèfini, fanmi pa m lan, se li ki pi piti nan tout fanmi Benjamen yo. Poukisa w'ap di m tout bagay sa yo?
Samyèl pran Sayil ansanm ak domestik li a, li fè yo antre nan gwo pyès kay la, li fè yo chita nan premye plas bò tab la ansanm ak tout envite yo. Te gen trant gason konsa yo te envite. Epi Samyèl di chèf kizin lan:
— Pote moso vyann mwen te ba ou mete apa pou mwen an.
Chèf kizin lan pran jigo a avèk tout vyann ki te avè l la, li mete l devan Sayil. Samyèl di li:
— Gade, men moso yo te sere pou ou a. Manje l, paske se pou ou mwen te fè mete l apa lè mwen t'ap envite pèp la.
Se konsa Sayil manje ansanm ak Samyèl jou sa a. Apre sa, yo desann sòti sou mòn lan, y'al lavil la. Yo ranje yon kabann pou Sayil sou teras ki anwo kay la. Nan denmen yo leve byen bonè.
Lè bajou kase, Samyèl rele Sayil sou teras la:
— Leve non. Mwen pral voye ou ale lakay ou.
Sayil leve, epi yo tou de yo sòti nan lari a ansanm. Lè yo rive sou limit lavil la, Samyèl di Sayil konsa:
— Di domestik ou a pran devan nou.
Domestik la pran devan, epi Samyèl di Sayil ankò:
— Ou menm, rete la yon ti moman pou m ka fè ou konnen sa Senyè a di.