1 Samyèl 7:3-17

1 Samyèl 7:3-17 HAT98

Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: — Si nou tounen vin jwenn Senyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Senyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo. Se konsa moun pèp Izrayèl yo wete tout estati bondye Baal ak metrès Astate yo nan mitan yo. Yo pran sèvi Senyè a sèlman. Apre sa, Samyèl di yo: — Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m'a lapriyè Senyè a la pou nou. Se konsa, yo tout rasanble lavil Mispa. Yo tire dlo jete atè pou Senyè. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: — Nou peche kont Senyè a! Samyèl te rete lavil Mispa. Se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la. Lè moun Filisti yo vin konnen pèp Izrayèl la te sanble lavil Mispa, senk chèf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pèp Izrayèl yo tande sa, yo te pè. Epi yo di Samyèl: — Pa sispann lapriyè Senyè a pou nou, pou l ka sove nou anba men moun Filisti yo. Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l nèt, li ofri l bay Senyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Senyè a pou l vin ede pèp Izrayèl la. Senyè a reponn lapriyè a. Pandan Samyèl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la vin atake yo. Men lè sa a, Senyè a voye yon kout loray sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pèdi tèt yo, yo pran kouri met deyò devan pèp Izrayèl la. Moun Izrayèl yo sòti lavil Mispa, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk rive toupre lavil Bèt-Ka. Sou tout wout la yo bat yo byen bat. Lè sa a, Samyèl pran wòch, li mete li ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Wòch Sekou, paske li t'ap di: Jodi a ankò, se Senyè a ki pote nou sekou. Se konsa moun Filisti yo te pèdi batay la nèt. Yo pa janm rekonmanse anvayi teritwa moun Izrayèl yo ankò. Senyè a te kenbe yo anba men l pandan tout tan Samyèl te vivan. Tout lavil moun Filisti yo te pran, depi lavil Ekwon jouk lavil Gat, tout te tounen nan men moun Izrayèl yo ankò. Se konsa pèp Izrayèl la te mete moun Filisti yo deyò sou tout teritwa ki te pou yo. Epitou pat gen lagè menm ant moun Izrayèl yo ak moun Amori yo. Samyèl gouvènen pèp Izrayèl la jouk li mouri. Chak lanne li te fè vizit nan tout peyi a, li pase lavil Betèl, lavil Gilgal ak lavil Mispa. Nan tout lavil yo, li te konn regle tout kont moun yo te gen yonn ak lòt. Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Senyè a lavil Rama.