Se konsa moun lavil Kiriyat-Jearim yo vin pran Bwat Kontra Senyè a. Yo mete l lakay Abinadad, sou tèt yon ti mòn. Yo chwazi Eleaza, pitit gason Abinadad la, pou okipe Bwat Kontra Senyè a. Bwat Kontra Senyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pèp Izrayèl yo t'ap rele nan pye Senyè a pou mande l sekou. Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: — Si nou tounen vin jwenn Senyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Senyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo. Se konsa moun pèp Izrayèl yo wete tout estati bondye Baal ak metrès Astate yo nan mitan yo. Yo pran sèvi Senyè a sèlman. Apre sa, Samyèl di yo: — Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m'a lapriyè Senyè a la pou nou. Se konsa, yo tout rasanble lavil Mispa. Yo tire dlo jete atè pou Senyè. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: — Nou peche kont Senyè a! Samyèl te rete lavil Mispa. Se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.
Li 1 Samyèl 7
Koute 1 Samyèl 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 7:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo