1 Samyèl 30:9-19

1 Samyèl 30:9-19 HAT98

Se konsa David pati avèk sisan (600) mesye ki te avè l yo. Lè yo rive nan ravin Bezò a, gen kèk nan mesye yo ki rete la. David menm kontinye sou wout li avèk katsan (400) moun. Lòt desan (200) yo te rete paske yo te bouke anpil, yo pat gen fòs pou yo te travèse dlo Bezò a. Mesye ki te ale avèk David yo jwenn yon moun peyi Lejip nan zòn lan. Yo mennen l bay David. Yo ba li manje, yo ba li bwè. Yo ba li yon moso gato figfrans ak de grap rezen chèch. Lè li fin manje, li reprann fòs, paske depi twa jou twa nwit li pat manje anyen, ni li pat janm bwè dlo. David mande l: — Ki moun ki mèt ou? Moun ki bò ou ye? Li reponn: — Mwen se moun peyi Lejip, esklav yonn nan moun Amalèk yo. Jòdi a fè twa jou depi mèt mwen kite m dèyè, paske mwen te malad. Nou te anvayi zòn Negèv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zòn Negèv ki nan peyi Jida a, ak zòn Negèv ki nan peyi Kalèb la. Lèfini, nou mete dife nan lavil Ziklag. David mande l: — Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a? Li reponn li: — Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomèt mwen ou p'ap touye m, ni ou p'ap lage m nan men mèt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a. Li mennen David kote moun Amalèk yo ye a. Moun Amalèk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwè t'ap bwè. Yo t'ap fè fèt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo. Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pèsonn pat chape, an wetan katsan (400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gentan kouri ale. David sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou. David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Pat manke anyen.