1 Samyèl 28:3-20

1 Samyèl 28:3-20 HAT98

Samyèl te deja mouri lè sa a, tout pèp Izrayèl la te kriye kont kriye yo pou li. Apre sa, yo antere l lavil Rama kote li te moun. Sayil te mete tout divinò deyò nan peyi a ansanm ak tout moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Sòlda moun Filisti yo te sanble, yo moute kan yo bò lavil Chounèm. Sayil menm sanble tout sòlda pèp Izrayèl yo, epi li moute kan l sou mòn Gilboa. Lè Sayil wè lame moun Filisti yo, li sòti pè, kè l pran bat byen fò. Se konsa, li mande Senyè a sa pou l fè. Men, Senyè a pa ba li okenn repons, ni nan rèv, ni avèk ourim yo, ni nan mesay pwofèt yo. Lè sa a, Sayil rele moun k'ap sèvi avè l yo, li ba yo lòd sa a: — Al chache kote nou ka jwenn yon fanm ki konn rele mò pou l travay pou mwen. Yo reponn li: — Gen yonn lavil Andò. Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: — M pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m konnen sa ki pral rive m. Men, fanm lan di l: — Ou konnen sa wa Sayil te fè a pa vre? Li te mete tout divinò ak tout moun k'ap pale ak mò deyò nan peyi a wi. Poukisa atò w'ap seye pran m nan plan pou fè yo touye m? Sayil pran non Bondye fè sèman, li di: — Devan Senyè ki vivan an, mwen fè sèman yo p'ap fè ou anyen pou zafè sa a. Fanm lan di l: — Ki moun pou m rele pou ou? Li reponn: — Rele Samyèl pou mwen. Lè madanm lan wè Samyèl, li pete rele, li di Sayil: — Poukisa ou twonpe m konsa? Ou se wa Sayil! Wa a di l: — Ou pa bezwen pè. Kisa ou wè? Fanm lan di Sayil: — Mwen wè yon lespri k'ap moute sòti anba tè a. Wa a di l: — Kisa ou wè li sanble? Fanm lan reponn: — Se yon vye granmoun gason k'ap moute la a. Li vlope nan yon gwo dra. Lè sa a, Sayil vin konnen se te Samyèl. Li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè. Samyèl di Sayil: — Poukisa ou detounen m konsa? Poukisa ou fè m remoute la a en? Sayil di li: — Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m ankò, ni nan rèv, ni nan mesay pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m konnen sa pou m fè. Samyèl di l: — Kounyeya Senyè a vire do ba ou, li tounen lènmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa? Senyè a annik fè sa li te di m di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito. Ou pat koute sa Senyè a te di ou, ou pat detwi moun Amalèk yo nèt ansanm ak tou sa yo te genyen. Se poutèt sa Senyè a fè ou sa li fè ou jòdi a. Li pral lage ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Denmen lè konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avè m. Senyè a pral lage lame pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Tande Sayil tande sa, li tonbe tou long atè, li te pè akòz pawòl Samyèl te di l la a. Li te fèb anpil tou, paske li pat manje anyen depi maten.