1 Samyèl 27

27
David al rete nan peyi Filisti
1David di nan kè l:
— Yon jou konsa Sayil ap touye m. L'a pi bon pou mwen si m sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m nan tout peyi pèp Izrayèl la. P'ap gen danje pou mwen ankò.
2David #1 Sam 21.10; 23.13; 1 Wa 2.39 leve ansanm ak sisan (600) moun pa l yo, y'ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat. 3David #1 Sam 25.43 ak mesye l yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madanm defen Nabal, moun lavil Kamèl. 4Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l pou mete men sou li.
5David di Akich konsa:
— Si ou se zanmi m vre, ban m yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m rete. Pa gen rezon, monwa, pou m rete viv ansanm avè ou nan kapital la.
6Se #1 Sam 30.1 konsa, jou sa a, Akich ba li lavil Ziklag. Se poutèt sa, depi jou sa a, lavil Ziklag toujou rete pou wa peyi Jida yo. 7David #1 Sam 29.3 pase ennan kat mwa ap viv nan peyi moun Filisti yo.
8Tanzantan, #Egz 15.22; Joz 13.2; 1 Sam 15.7,8 David ak mesye l yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki sòti depi lavil Telayim, #27.8: depi lavil Telayim: Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, epi ki ta vle koresponn ak chapit 15.4, men tèks ebre a bay depi kèk tan. nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip. 9Se #1 Sam 15.3 konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich. 10#Jij 1.16; 1 Sam 15.6; 23.27; 30.29 Akich mande l:
— Ki kote ou te al demele ou jòdi a?
David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo.
11Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l konsa pèsonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a. 12Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l:
— Mesye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l, l'ap blije rete pase tout rès lavi l ap sèvi m.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 27: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte