Lèfini, David pati, li sove pou Sayil, l'ale lakay Akich, wa lavil Gat la. Moun wa Akich yo di wa a konsa: — Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t'ap chante lè yo t'ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil! Pawòl sa yo te aji anpil sou David. Li vin pè Akich, wa lavil Gat la. Li pran pòz moun fou li devan yo tout. Li aji tankou yon moun fou lè yo mete men sou li. Li pran fè grabji ak dwèt li sou pòt yo, li kite bave koule sou tout bab li. Lè sa a, Akich di moun li yo: — Nou pa wè se yon moun fou? Poukisa nou mennen l ban mwen? Mwen pa gen kont moun fou avè m deja? Poukisa nou mennen sa a ankò vin plede fè tenten andedan lakay mwen an?
Li 1 Samyèl 21
Koute 1 Samyèl 21
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 21:10-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo