1 Samyèl 18:1-16

1 Samyèl 18:1-16 HAT98

Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l tankou li renmen tèt pa li. Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l tounen lakay papa l ankò. Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l tankou li te renmen tèt pa li. Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l. Chak fwa Sayil te voye David nan misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute li grad, li fè li chèf nan lame a. Sa te fè moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi. Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam sòti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ogan, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan. Medam yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di: — Sayil desann mil. David desann dimil. Sayil pat renmen sa menm, li te fache. Li t'ap di: — Anhan! Yo di David touye dimil (10.000), mwen menm, yo di m touye mil ase! Sèl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fè l wa! Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je. Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Mesye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l. Sayil di nan kè l: Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan. Sayil te pè David anpil, paske Senyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye kounyeya. Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l anba je l. Li mete l chèf sou mil sòlda. David pat chita menm, tout tan li te nan goumen. Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Senyè a te kanpe avèk li. Sayil wè ki jan David t'ap reyisi kote l pase, li vin pè l pi rèd. Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a.