David di sòlda Filisti a konsa: — W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou. Jòdi a menm, Senyè a pral lage ou nan men m. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye. Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l pa l. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la. Golyat pran mache ankò sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo. Li foure men l nan ti ralfò li a, li pran yon wòch ladan l, li mete l nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sòlda Filisti a nan mitan fwon. Wòch la antre nan kalbas tèt sòlda Filisti a. Sòlda Filisti a tonbe fas atè. Se konsa David te blayi sòlda Filisti a ak yon sèl kout fistibal. Li touye li san li pa te gen yon bout nepe nan men li.
Li 1 Samyèl 17
Koute 1 Samyèl 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 17:45-50
6 Jou
Dekouvri, atravè lavi Jeremi ak David, kijan ou pa twò jèn pou kòmanse viv selon objektif ou te kreye pou li a, sèvi Bondye ak sa ou genyen ak kote ou ye. Aprann kisa sa vle di pou prepare pou objektif sa a, pwoteje l kont moun ki ta vle detwi l, epi prepare w pou viv yon vi ki gen sans, ki glorifye Bondye epi ki pote benediksyon pou mond lan.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo