Sòlda Filisti a pran mache sou David tou. Nonm ki t'ap pote plak pwotèj li a t'ap mache devan li. Li t'ap pwoche pi pre David. Lè sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l. Sòlda Filisti a di David konsa: — Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l yo pou madichonnen David. Apre sa, li di ankò: — Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wè si mwen p'ap pran kò ou pou m bay zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. David di sòlda Filisti a konsa: — W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou. Jòdi a menm, Senyè a pral lage ou nan men m. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye. Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l pa l. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.
Li 1 Samyèl 17
Koute 1 Samyèl 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 17:41-47
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo