Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, sòti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè faskare ak li. Li te gen nèf pye wotè. Li te gen yon kas fè nan tèt li ak yon rad fèt an plak fè sou li. Rad la te peze sansenkant (150) liv pou pi piti. Li te gen janbyè fèt an fè nan janm li, ak yon ti frenn fèt an asye pandye sou zepòl li. Bwa gwo frenn ki te nan men l lan te menm gwosè ak yon gwo manch pilon. Pwent frenn lan te fèt an fè. Li te peze ven liv konsa. Te gen yon sòlda ki t'ap mache devan l avèk plak pwotèj li a. Golyat kanpe, epi li rele moun pèp Izrayèl yo, li di yo konsa: — Se goumen nou vin goumen? Poukisa atò? Mwen menm, se moun Filisti mwen ye. Nou menm, se esklav Sayil nou ye. Chwazi yon nonm nan mitan nou pou l vin kare avè m. Si l rive bat mwen pou l touye m, moun Filisti yo va vin esklav moun Izrayèl yo. Men, si se mwen ki bat li, si m touye l, se nou menm moun Izrayèl yo k'ap vin esklav moun Filisti yo pou sèvi yo. Li di yo ankò: — Jòdi a mwen mete tout moun Izrayèl yo an defi. M pini nou jwenn yon nonm ki pou vin kare avè m. Lè Sayil ak tout sòlda moun Izrayèl yo tande sa sòlda Filisti a te di yo, yo vin pè anpil. Yo pran tranble.
Li 1 Samyèl 17
Koute 1 Samyèl 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 17:4-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo