David di ankò: — Senyè a te delivre m anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: — Bon, ale non! Mwen mande Senyè a pou l avèk ou! Sayil pran pwòp rad lagè pa l yo, li mete sou David. Li mete yon kas fè nan tèt David ak yon rad fèt an plak fè pou pwoteje kò li. David pase nepe Sayil la nan ren l, anwo rad lagè a. Men, li fè sa pou l mache, li pat kapab, paske li pat konn sèvi ak tout bagay sa yo. Li di Sayil konsa: — Mwen pa ka mache ak tout bagay sa yo sou mwen, mwen pa konn sèvi ak yo. Epi David wete tout bagay yo sou li. Lèfini, li pran baton l nan men l, li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l, li mache sou Golyat.
Li 1 Samyèl 17
Koute 1 Samyèl 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 17:37-40
6 Jou
Dekouvri, atravè lavi Jeremi ak David, kijan ou pa twò jèn pou kòmanse viv selon objektif ou te kreye pou li a, sèvi Bondye ak sa ou genyen ak kote ou ye. Aprann kisa sa vle di pou prepare pou objektif sa a, pwoteje l kont moun ki ta vle detwi l, epi prepare w pou viv yon vi ki gen sans, ki glorifye Bondye epi ki pote benediksyon pou mond lan.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo