1 Samyèl 17:31-40

1 Samyèl 17:31-40 HAT98

Kèk moun ki te tande sa David t'ap di al rapòte sa bay Sayil ki voye chache l. David di Sayil: — Monwa, pèsonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l. Sayil di David konsa: — Non, ou pa ka goumen ak sòlda Filisti sa a. Ou twò piti. Nèg sa a se yon sòlda k'ap goumen depi l jenn gason. David di Sayil: — Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo, mwen kouri dèyè l, m atake l, mwen wete mouton an anba grif li. Si lè sa a, lyon an osinon lous la konprann pou l vire sou mwen, mwen pran l nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l. Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Senyè a. M'ap touye l paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l. David di ankò: — Senyè a te delivre m anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: — Bon, ale non! Mwen mande Senyè a pou l avèk ou! Sayil pran pwòp rad lagè pa l yo, li mete sou David. Li mete yon kas fè nan tèt David ak yon rad fèt an plak fè pou pwoteje kò li. David pase nepe Sayil la nan ren l, anwo rad lagè a. Men, li fè sa pou l mache, li pat kapab, paske li pat konn sèvi ak tout bagay sa yo. Li di Sayil konsa: — Mwen pa ka mache ak tout bagay sa yo sou mwen, mwen pa konn sèvi ak yo. Epi David wete tout bagay yo sou li. Lèfini, li pran baton l nan men l, li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l, li mache sou Golyat.