Chak maten, chak aswè, pandan karant jou, Golyat te vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay. Yon jou, Izayi di David konsa: — Pran yon mamit grenn griye ak dis pen sa yo, kouri pote yo bay frè ou yo nan kan an. Pran dis fwonmaj sa yo, pote yo bay kòmandan an. W'a pran nouvèl frè ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fè yo ba ou yon bagay pou m sèten ou wè yo an sante. Wa Sayil, frè ou yo ansanm ak tout lòt mesye Izrayèl yo nan Fon Bwadchenn lan ap goumen ak moun Filisti yo. Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fenk sòti pou y'al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo. Lame moun Filisti yo ak lame moun Izrayèl yo vin kanpe yonn anfas lòt pou batay la. David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la ta pral mare a, l'al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo. Li t'ap pale ak yo konsa, lè Golyat, gwo sòlda Filisti a, moun lavil Gat la, sòti nan kan moun Filisti yo, li vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay jan l te konn fè l anvan an. David tande sa Golyat t'ap di. Lè moun pèp Izrayèl yo wè Golyat parèt yo pran kouri tèlman yo te pè.
Li 1 Samyèl 17
Koute 1 Samyèl 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 17:16-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo