Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun. Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l yo, li mennen l bay Samyèl. Men, Samyèl di: — Sa a tou, se pa li Senyè a chwazi. Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: — Sa a tou, se pa li Senyè a chwazi. Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: — Non, Senyè a pa chwazi yonn ladan yo. Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: — Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: — Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l'al mennen mouton m yo al nan manje. Samyèl di li: — Voye chache l, paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini. Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Senyè a di Samyèl: — Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li. Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Senyè a desann sou David. Depi jou sa a, li pat janm kite l. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.
Li 1 Samyèl 16
Koute 1 Samyèl 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 16:7-13
4 Jou
Gid lekti sa a ap gide lektè yo atravè aspè kle nan Liv Ansyen Testman yo, ofri yon vizyon sou estrikti, tèm, ak enpòtans divès liv yo. Pandan kat jou, n ap eseye konprann kontèks istorik, estil literè, ak mesaj ki fè chak liv yo diferan, pandan n ap pwofondi konpreyansyon ak apresyasyon nou pou Bib la an jeneral.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo