Sayil di moun yo:
— Ann desann dèyè moun Filisti yo. Ann pase nwit lan ap bat yo, n'a piye yo jouk bajou kase, n'a touye yo tout.
Yo reponn li:
— Fè sa ou wè ki bon!
Men, prèt la di:
— Ann gade sa Senyè a di nou sou sa!
Sayil mande Senyè a:
— Eske se pou m desann dèyè moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men pèp Izrayèl la?
Men Senyè a pa reponn li jou sa a. Lè sa a, li rele tout chèf pèp la, li di yo:
— Pwoche devan la a. Chache konnen ki peche nou te fè jòdi a. Mwen bay pawòl mwen, mwen sèmante devan Senyè vivan an, li menm ki delivre pèp Izrayè la, menm si se Jonatan, pitit mwen, ki koupab la, se pou li mouri.
Pesonn pa louvri bouch yo di yon mo. Epi li di tout pèp Izrayèl la:
— Nou menm kanpe bò isit. Mwen menm ak Jonatan, pitit gason m lan, m'ap kanpe bò la.
Pèp la di Sayil:
— Fè sa ou wè ki bon!
Sayil di Senyè a:
— Bondye pèp Izrayèl la! Poukisa ou pa reponn mwen jòdi a? Senyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, reponn mwen nan ourim ak toumim yo. Si se mwen menm osinon Jonatan ki koupab, w'a bay ourim yo. Men, si se yon moun nan pèp la ki koupab, w'a bay toumim yo.
Senyè a fè yo konnen se bò Sayil ak Jonatan fòt la te ye, pèp la te pou anyen nan sa. Sayil di:
— Kounyeya, ant Jonatan avè m, di kilès nan nou de a ki koupab.
Senyè a fè konnen se Jonatan. Lè sa a, Sayil mande Jonatan:
— Kisa ou fè?
Jonatan reponn:
— Mwen te pran ti gout siwo myèl nan pwent baton ki te nan men m lan, mwen goute. Men mwen! Mwen pare pou m mouri.
Sayil di li:
— Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.
Men pèp la di Sayil ankò:
— Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou sèmante devan Senyè vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa li fè jodi a.
Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri.
Apre sa, Sayil sispann kouri dèyè moun Filisti yo. Moun Filisti yo menm tounen nan peyi yo.