Yon jou, Jonatan pitit Sayil pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di li konsa:
— Ann al avè mwen. Ann travèse lòt bò a, nan kan filisten yo.
Men Jonatan pa te avèti papa li. Sayil menm te fè yon rete Migwon, anba grenad la, sou limit peyi Gibeya. Li te gen sisan sòlda konsa avè li. Prèt ki t'ap pote jile Bondye a te rele Akija. Se Akitoub, pitit frè Ikabòd. Yo te pitit Fineyas ki li menm te pitit Eli ki te prèt Senyè a, lavil Silo. Sòlda yo pa te konnen Jonatan te pati. Nan pas kote Jonatan t'ap chache janbe larivyè pou ale nan kan moun Filisti yo, te gen de gwo wòch, yonn chak bò pas la. Yonn te rele Bozès, lòt la Sene. Yonn te sou bò nò anfas lavil Mikmas, lòt la sou bò sid anfas lavil Geba.
Jonatan di jenn gason an:
— Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Senyè a. Ou pa janm konnen, Senyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.
Jenn gason an reponn li:
— Fè sa ou gen nan lide ou. Ale non! M'ap kanpe avè ou!
Jonatan di l:
— Bon! Nou pral janbe lòt bò a epi n'ap kite yo wè nou. Si yo di nou rete kote nou ye a, y'ap vin jwenn nou, n'ap rete kote nou ye a, nou p'ap mache sou yo. Men, si yo di nou moute vin jwenn yo, enben! n'a mache sou yo. Paske, sa vle di Senyè a gentan lage yo nan men nou.
Yo parèt kò yo, yo kite moun Filisti yo wè yo. Moun Filisti yo di:
— Gade! Men kèk ebre k'ap sòti nan twou kote yo te kache.
Sòlda Filisti yo rele Jonatan ak jenn gason an, yo di yo:
— Moute vin jwenn nou non. Nou gen yon bagay pou n di nou.
Lè sa a, Jonatan di jenn gason an:
— Swiv mwen. Senyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la.
Jonatan grenpe moute ak men li ak pye li. Jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè li. Nan premye atak sa a, Jonatan ak jenn gason an te touye ven sòlda konsa, sou yon ti teren ki pat menm mezire yon ka (¼) kawo tè. Tout moun filisti ki te nan kan an vin pè anpil. Sòlda yo te mete avangad yo, ak tout rès lame a, yo te vin pè tou. Tè a pran tranble. Te vin gen yon gwo kouri nan tout peyi a.