1 Samyèl 13:5-14

1 Samyèl 13:5-14 HAT98

Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y'al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (30.000) cha lagè, simil (6.000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pat ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn. Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pat bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pat bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè. Genyen ki menm janbe lòt bò larivyè Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avè l yo t'ap tranble sitèlman yo te pè. Dapre dat Samyèl te fikse ba li a, li rete la sèt jou ap tann Samyèl. Sèt jou yo pase, Samyèl pa vin lavil Gilgal. Pèp la konmanse vire do yo kite Sayil. Lè Sayil wè sa, li di yo: — Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fè ofrann pou boule nan dife a. Li t'ap fini fè sèvis ofrann pou boule nan dife a lè Samyèl parèt. Sayil al kontre l pou di l bonjou. Samyèl di li: — Kisa ou fè konsa? Sayil reponn li: — Mwen wè pèp la t'ap pati kite m. Ou menm, ou pat vini lè ou te di ou t'ap vini an. Lèfini, moun Filisti yo t'ap sanble bò lavil Mikmas la. Mwen di nan kè m: Men moun Filisti yo pral vin atake m isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Senyè a bò kote m. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Senyè a. Samyèl di Sayil konsa: — Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Senyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba. Men kounyeya, reny ou pa la pou lontan. Senyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l fè, l'a mete l chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pat swiv lòd Senyè a te ba ou a.