Apre sa, Samyèl esplike pèp la ki jan pou wa a boule ak yo. Lèfini, li ekri tou sa li te di yo nan yon liv li mete devan lotèl Senyè a. Apre sa, Samyèl voye tout moun lakay yo. Sayil tou al lakay li lavil Gibeya. Bondye te pale nan kè kèk vanyan gason. Yo menm tou, y'ale ansanm ak Sayil. Men te gen kèk voryen ki t'ap di: — Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.
Li 1 Samyèl 10
Koute 1 Samyèl 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 10:25-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo