Samyèl reyini pèp Izrayèl la pou fè yon gwo sèvis pou Bondye lavil Mispa. Li di yo: — Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la di: Se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki te delivre nou anba men moun Lejip yo, anba men moun lòt nasyon ki t'ap peze nou yo. Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi kounyeya n'ap voye m jete, n'ap di m se yon wa pou m mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Senyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li. Lè sa a, Samyèl fè tout pèp Izrayèl la pwoche branch fanmi pa branch fanmi. Senyè a chwazi branch fanmi Benjamen an. Apre sa, Samyèl fè tout fanmi branch Benjamen yo pwoche yonn apre lòt. Senyè a chwazi fanmi Matri a. Lè sa a, li fè tout gason nan fanmi Matri a parèt devan Senyè a, Bondye chwazi Sayil, pitit gason Kich la. Yo chache l, men yo pat ka jwenn li. Y'al mande Senyè a si pa gen lòt moun ankò. Senyè a reponn: — Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo! Se konsa yo kouri al wete l la, yo mennen l, yo fè l kanpe nan mitan pèp la. Li te pi wo pase yo tout. Samyèl di pèp la: — Men moun Senyè a chwazi a. Pa gen tankou l nan mitan pèp la. Tout pèp la pran rele: — Viv wa Sayil!
Li 1 Samyèl 10
Koute 1 Samyèl 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 10:17-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo