1 Samyèl 10:1-16

1 Samyèl 10:1-16 HAT98

Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l, epi li di l: — Senyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l pa l. W'a gouvènen pèp li a, w'a delivre yo anba men tout lènmi ki bò kote l yo. Men sa k'ap fè ou wè se Senyè a menm ki mete ou apa pou gouvènen pèp ki pou li a. Lè w'a kite m jòdi a, w'a jwenn de mesye toupre tonm Rachèl la lavil Sèlza, nan lizyè peyi moun Benjamen yo. Y'a di ou bourik ou t'ap bouske yo, yo jwenn yo. Men, kounyeya papa ou bliye bourik li yo, se pou ou li gen tèt chaje. L'ap mande: Kisa mwen pral fè pou pitit gason m lan? Lèfini, w'a mache pi devan jouk w'a rive bò pye bwadchenn Tabò a. Lè w'a rive la, w'a kontre ak twa nèg k'ap moute lavil Betèl pou y'al ofri bèt pou touye pou Bondye. Yonn ap mennen twa jenn ti kabrit, dezyèm lan va gen twa pen nan men l, twazyèm lan va gen yon veso fèt an po bèt plen diven. Y'a di ou bonjou, y'a ba ou de nan pen yo. W'a pran yo nan men yo. Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann sòti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesay ki sot nan Bondye. Lespri Bondye a va desann sou ou, w'a pran danse, w'ap bay mesay ki sòti nan Bondye tankou yo. Ou p'ap menm moun lan ankò. Lè bagay sa yo va rive, w'a fè tou sa ki vin pou fèt paske se Bondye k'ap avè ou. Apre sa, w'a pran devan m, w'a desann lavil Gilgal kote m'a vin jwenn ou pita pou m ofri bèt pou boule nèt pou Senyè a ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lèfini, w'a tann sèt jou anvan m'a vin jwenn ou ankò pou m di ou sa pou ou fè. Vire Sayil vire pou l kite Samyèl, Bondye fè Sayil tonnen yon lòt moun nèt. Jou sa a tout pawòl Samyèl te di l yo rive vre. Lè Sayil rive lavil Gibeya ak domestik li a, yon bann pwofèt vin kontre avè l. Lespri Bondye a desann sou li epi li pran danse, li pran bay mesay tankou yo. Tout moun ki te konnen l anvan sa wè li t'ap danse, li t'ap bay mesay ansanm ak pwofèt yo. Yonn t'ap di lòt: — Sa ki rive pitit gason Kich la? Sayil genlè pwofèt tou? Yon moun lavil Gibeya ki te la mande: — Lot mesye pwofèt yo, ki moun ki papa yo? Se konsa moun te konmanse ap di: Gen lè menm Sayil pwofèt tou? Lè Sayil fin danse, lè li te fin bay mesay, li moute sou ti mòn lan bò lotèl la. Tonton Sayil la mande l ansanm ak domestik li a: — Kote nou te ye konsa? Sayil reponn tonton l lan: — Mwen te al chache bourik yo. Lè nou pa jwenn yo, n'al kote Samyèl. Tonton Sayil la mande l: — Rakonte m sa li di ou. Sayil reponn li: — Li di m yo jwenn bourik yo deja. Men, li pa di tonton l sa Samyèl te di l sou koze wa a.