Yon lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Senyè a. Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Senyè a, dlo t'ap koule nan je l. Li fè Senyè a yon pwomès, li di li:
— Senyè, ou menm ki gen tout pouvwa, tanpri, voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye mwen, si ou ban m' yon pitit gason, l'ap viv pou ou sèlman. Poutèt sa, li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.
Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Senyè a, Eli t'ap gade bouch li. Men, Ana t'ap lapriyè nan kè l. Se bouch li ase ki t'ap bat, konsa moun pat ka tande sa l'ap di a. Lè sa a, Eli te konprann se sou li te sou. Li di l konsa:
— Kilè w'a sispann bwè jouk pou ou sou konsa? Sòti al desoule ou yon lòt kote!
Ana reponn li:
— Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni okenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m bay Senyè a. Se rakonte m'ap rakonte Senyè a lapenn mwen. Tanpri, mèt! Pa pran m pou yon fanm lib! Kifè m'ap pale konsa, se paske mwen nan gwo tèt chaje. Chagren ap touye m.
Lè sa a, Eli reponn li:
— Ale ak kè poze. Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou l ba ou sa ou mande l la.
Ana reponn li:
— M espere ou p'ap janm bliye m!
Epi li leve, l'al fè wout li. Li manje. Depi lè sa a, li pat menm moun lan ankò.
Nan denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Senyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Senyè a fè pou Ana sa li te mande l la. Se konsa Ana vin ansent. Lè lè a rive pou l akouche, li fè yon pitit gason. Li rele l Samyèl, paske li te di: Mwen te mande Senyè a li.
Apre sa, Elkana moute lavil Silo ansanm ak tout fanmi li yo pou yo te ka fè ofrann yo gen pou yo fè chak lanne bay Senyè a, ansanm ak ofrann espesyal yo te fè ve bay Senyè a. Men Ana pat ale. Li di mari l konsa:
— Fini m'a fin sevre pitit la, m'a mennen l nan Tanp Senyè a kote li pral rete pou tout tan.
Elkana, mari li, di l:
— Fè sa ou wè ki pi bon an. Rete non jouk w'a fin sevre l. Tansèlman, se pou Senyè a fè sa li te di a rive vre.
Se konsa Ana rete pou l pran swen ti bebe a jouk li sevre l.
Apre li fin sevre pitit la, li mennen li lavil Silo. Li te pran avè li yon towo bèf twazan, yon barik farin ak yon boutèy diven. Yo touye ti towo a, epi yo mennen ti gason an bay Eli. Ana di l:
— Eskize m wi, mèt. Ou pa chonje ki moun mwen ye? Menm jan ou vivan an, se mwen menm fanm ou te wè ki te kanpe bò kote ou la yon jou ap lapriyè Senyè a. Mwen te mande l pou l te ban mwen pitit gason sa a. Li ban mwen sa m te mande l la. Se konsa m vin mete l apa pou l ka viv pou Senyè a ase jouk li mouri.
Apre sa, yo adore Senyè a la nan tanp lan.