Penina menm te toujou ap chache imilye Ana pou agase li deske Senyè a te fè li pa te ka fè pitit. Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Senyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen. Elkana, mari li, di l konsa:
— Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m, se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason.
Yon lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Senyè a. Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Senyè a, dlo t'ap koule nan je l. Li fè Senyè a yon pwomès, li di li:
— Senyè, ou menm ki gen tout pouvwa, tanpri, voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye mwen, si ou ban m' yon pitit gason, l'ap viv pou ou sèlman. Poutèt sa, li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.
Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Senyè a, Eli t'ap gade bouch li. Men, Ana t'ap lapriyè nan kè l. Se bouch li ase ki t'ap bat, konsa moun pat ka tande sa l'ap di a. Lè sa a, Eli te konprann se sou li te sou. Li di l konsa:
— Kilè w'a sispann bwè jouk pou ou sou konsa? Sòti al desoule ou yon lòt kote!
Ana reponn li:
— Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni okenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m bay Senyè a. Se rakonte m'ap rakonte Senyè a lapenn mwen. Tanpri, mèt! Pa pran m pou yon fanm lib! Kifè m'ap pale konsa, se paske mwen nan gwo tèt chaje. Chagren ap touye m.