Chak lanne, Elkana sòti lavil Rama, li moute lavil Silo pou l'al fè sèvis pou Senyè ki gen tout pou vwa a, pou l touye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Senyè a lavil Silo. Chak fwa Elkana te ofri bèt pou Senyè a, li te toujou pran yon pòsyon pou Penina, yon pòsyon pou chak pitit fi ak pitit gason li yo. Men, li te bay Ana yon pòsyon doub, paske li te renmen l anpil, atout Senyè a pat ba li pitit. Penina menm te toujou ap chache imilye Ana pou agase li deske Senyè a te fè li pa te ka fè pitit. Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Senyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen. Elkana, mari li, di l konsa: — Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m, se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason. Yon lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Senyè a. Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Senyè a, dlo t'ap koule nan je l.
Li 1 Samyèl 1
Koute 1 Samyèl 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 1:3-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo