Se konsa Ana vin ansent. Lè lè a rive pou l akouche, li fè yon pitit gason. Li rele l Samyèl, paske li te di: Mwen te mande Senyè a li. Apre sa, Elkana moute lavil Silo ansanm ak tout fanmi li yo pou yo te ka fè ofrann yo gen pou yo fè chak lanne bay Senyè a, ansanm ak ofrann espesyal yo te fè ve bay Senyè a. Men Ana pat ale. Li di mari l konsa: — Fini m'a fin sevre pitit la, m'a mennen l nan Tanp Senyè a kote li pral rete pou tout tan. Elkana, mari li, di l: — Fè sa ou wè ki pi bon an. Rete non jouk w'a fin sevre l. Tansèlman, se pou Senyè a fè sa li te di a rive vre. Se konsa Ana rete pou l pran swen ti bebe a jouk li sevre l. Apre li fin sevre pitit la, li mennen li lavil Silo. Li te pran avè li yon towo bèf twazan, yon barik farin ak yon boutèy diven. Yo touye ti towo a, epi yo mennen ti gason an bay Eli. Ana di l: — Eskize m wi, mèt. Ou pa chonje ki moun mwen ye? Menm jan ou vivan an, se mwen menm fanm ou te wè ki te kanpe bò kote ou la yon jou ap lapriyè Senyè a. Mwen te mande l pou l te ban mwen pitit gason sa a. Li ban mwen sa m te mande l la. Se konsa m vin mete l apa pou l ka viv pou Senyè a ase jouk li mouri. Apre sa, yo adore Senyè a la nan tanp lan.
Li 1 Samyèl 1
Koute 1 Samyèl 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 1:20-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo