1 Samyèl 1:1-11

1 Samyèl 1:1-11 HAT98

Te gen yon nonm, moun branch fanmi Efrayim, ki te rele Elkana. Li te rete lavil Rama nan mòn peyi Efrayim. Se te pitit Jewokam, pitit pitit Eliyou, nan fanmi Tokou, nan branch fanmi Zouf la. Elkana te gen de madanm, yonn te rele Ana, lòt la te rele Penina. Penina te fè pitit pou li. Men, Ana pat gen pitit. Chak lanne, Elkana sòti lavil Rama, li moute lavil Silo pou l'al fè sèvis pou Senyè ki gen tout pou vwa a, pou l touye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Senyè a lavil Silo. Chak fwa Elkana te ofri bèt pou Senyè a, li te toujou pran yon pòsyon pou Penina, yon pòsyon pou chak pitit fi ak pitit gason li yo. Men, li te bay Ana yon pòsyon doub, paske li te renmen l anpil, atout Senyè a pat ba li pitit. Penina menm te toujou ap chache imilye Ana pou agase li deske Senyè a te fè li pa te ka fè pitit. Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Senyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen. Elkana, mari li, di l konsa: — Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m, se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason. Yon lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Senyè a. Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Senyè a, dlo t'ap koule nan je l. Li fè Senyè a yon pwomès, li di li: — Senyè, ou menm ki gen tout pouvwa, tanpri, voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye mwen, si ou ban m' yon pitit gason, l'ap viv pou ou sèlman. Poutèt sa, li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.