Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Pyè 4:1-6

1 Pyè 4:1-6 HAT98

Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l wè ak peche ankò. Se pou li viv ti rès tan li gen pou l viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè. Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinay, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè. Kounyeya, moun sa yo twouve sa dwòl dèske nou pa fè bann ak yo ankò nan tout eksè sa yo. Se poutèt sa, y'ap pale nou mal. Men, yo gen pou yo rann kont bay Bondye ki deja pare pou jije ni moun ki vivan yo ni moun ki mouri yo. Se pou sa menm yo te anonse bòn nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, kounyeya yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l la.

Li 1 Pyè 4

Koute 1 Pyè 4

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: 1 Pyè 4:1-6

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo