Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf. Soumèt nou devan majistra yo, paske wa a mete yo la pou pini moun ki fè sa ki pa sa epi pou yo fè lwanj moun k'ap fè sa ki byen. Paske, Bondye vle pou n fè sa ki byen, pou n ka fèmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann. Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k'ap sèvi Bondye. Se pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a. Nou menm k'ap travay kay moun, nou fèt pou nou soumèt nou devan mèt nou ak tout respè yo merite. Se pa sèlman devan mèt ki bon yo ak mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt karaktè difisil yo tou. Bondye va beni nou, si, lè y'ap fè nou soufri pou sa nou pa fè, nou sipòte lafliksyon an paske nou konnen se sa Bondye vle. Ki lwanj ki gen nan sa si nou sipòte lè y'ap maltrete nou pou sa nou fè ki mal? Men, si lè nou fè byen, nou sipòte tou sa y'ap fè nou soufri poutèt byen nou fè a, sa se yon bèl bagay devan Bondye. Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.
Li 1 Pyè 2
Koute 1 Pyè 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Pyè 2:13-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo