Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk l'a delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an. Se poutèt sa, annou sote ponpe ak kè kontan, menm si eprèv gen pou fè nou soufri pou yon ti tan. Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt. Nou renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounyeya. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou. Pwofèt yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t'ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye ta pral fè nou.
Li 1 Pyè 1
Koute 1 Pyè 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Pyè 1:5-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo