1 Wa 4:20-34

1 Wa 4:20-34 HAT98

Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan. Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout reny li jouk li mouri. Men pwovizyon Salomon te bezwen chak jou: sansenkant (150) barik kè ble, twasan (300) barik farin frans, dis bèf angrese nan pak, ven bèf angrese nan savann, san mouton, san konte bèt mawon, mal ak fenmèl, ak bèt volay byen gra. Salomon te rive chèf sou tout peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la depi lavil Tifsak bò larivyè Lefrat la jouk lavil Gaza nan direksyon lwès. Tout ti wa ki t'ap gouvènen sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la te soumèt devan li. Salomon menm pat ni nan goumen ni nan kont ak okenn peyi nan vwazinay li. Pandan tout reny Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo. Salomon te gen katmil (4.000) pak pou chwal cha lagè yo, ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda. Douz gouvènè yo te gen pou ranmase pwovizyon wa Salomon te bezwen pou li menm ak pou moun k'ap manje nan palè a, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. Yo pa janm kite anyen manke. Gouvènè yo te gen pou bay lòj ak zèb tout kote yo bezwen pou chwal cha lagè yo ak lòt bèt chay. Bondye te bay Salomon anpil lespri, anpil bon konprann ak yon konesans nou pa ka mezire. Salomon te gen plis bon konprann pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi Lejip. Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon. Li te ekri twamil (3.000) pwovèb ak mil senk (1.005) chante pou pi piti. Li fè bèl pawoli sou pyebwa ak tout kalite plant, depi pye sèd peyi Liban yo jouk lyann izòp ki pouse sou miray. Li pale tou sou bèt kat pat, sou zwazo, sou bèt ki trennen sou vant ak sou pwason. Moun te sòti toupatou pou vin tande Salomon ap pale. Ata wa tout lòt peyi latè yo te pran nouvèl jan li te gen anpil bon konprann. Yo menm tou yo te voye moun vin tande l.