Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Wa 3:7-14

1 Wa 3:7-14 HAT98

Senyè, Bondye mwen, koulyè a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m gouvènen, ou pran m, ou mete m wa a nan plas David, defen papa m. Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l. Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l? Senyè a te kontan wè se sa Salomon te mande l. Li di l konsa: — Monchè, ou pa mande m pou ou viv lontan, ou pa mande m richès, ni ou pa mande m lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri. M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou. Lèfini, m'ap ba ou sa ou pat mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen okenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la. Si ou fè volonte m, si ou mache dapre lòd ak kòmandman m yo, tankou David, papa ou, te fè l la, m'ap fè ou viv lontan.

Li 1 Wa 3

Koute 1 Wa 3

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 3:7-14

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo