1 Wa 3:1-9

1 Wa 3:1-9 HAT98

Salomon antre nan fanmi farawon an, wa peyi Lejip. Li marye ak pitit fi farawon an. Li mennen l rete nan lavil David la jouk li fin bati palè li a, Tanp Bondye a ak gwo miray ranpa ki fè wonn lavil Jerizalèm yo. Yo pat ankò bati yon kay pou Senyè a. Se sa ki fè pèp la t'ap touye bèt yo te ofri pou lòt bondye divès kote sou mòn yo toujou. Salomon li menm te renmen Senyè a, li te mache dapre lòd David, papa l, te ba li. Men li menm tou, li te touye bèt pou lòt bondye, li te ofri yo lansan sou divès lotèl sou mòn yo. Salomon te konn al lavil Gabawon pou touye bèt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotèl la. Li te deja ofri mil bèt pou yo te boule nèt sou lotèl la. Yon jou lannwit, Senyè a parèt devan Salomon nan dòmi lavil Gabawon, li di l konsa: — Kisa ou ta vle m ba ou? Salomon reponn: — Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m, David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pat janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pat janm sispann fè l wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a. Senyè, Bondye mwen, koulyè a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m gouvènen, ou pran m, ou mete m wa a nan plas David, defen papa m. Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l. Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l?

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak 1 Wa 3:1-9

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an