Zanj Senyè a tounen yon dezyèm fwa, li souke Eli, li leve l, li di l:
— Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou.
Eli manje, li bwè. Fòs li remoute. Li mache karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a. Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Senyè a pale ak Eli ankò, li di li:
— Eli, sa w'ap fè la a?
Eli reponn:
— Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m.
Senyè a di li:
— Sòti, vin kanpe devan Senyè a sou tèt mòn lan. M pral pase!
Senyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Senyè a. Men Senyè a pat nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Senyè a pat nan tranblemann tè a. Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Senyè a pat nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle. Lè Eli tande l, li kouvri tèt li ak gwo rad li, li sòti, li kanpe devan gwòt la. Li tande yon vwa ki di l:
— Eli, sa w'ap fè isit la?