Lè Eli tande l, li kouvri tèt li ak gwo rad li, li sòti, li kanpe devan gwòt la. Li tande yon vwa ki di l: — Eli, sa w'ap fè isit la? Eli reponn: — Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m. Senyè a di li: — Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezè a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayèl, w'a mete l wa peyi Siri nan non mwen. Apre sa, ou va ale lakay Jeyi, pitit gason Nimchi a, w'a mete li wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun Abèl-Mewola, w'a mete li apa nan non mwen pou l'sèvi pwofèt nan plas ou. Tout moun ki va chape anba men Azayèl va tonbe anba men Jeou. Tout moun ki va chape anba men Jeou va tonbe anba men Elize. Men m'ap kite sètmil (7.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pat mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pat bo estati li yo.
Li 1 Wa 19
Koute 1 Wa 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 19:13-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo