Apre sa Eli di wa Akab konsa: — Kounyeya, ou mèt al manje, ou mèt al bwè. Mwen tande bri lapli a k'ap vini. Akab al manje, l'al bwè. Eli menm moute sou tèt mòn Kamèl. Li mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Li di domestik li a: — Al gade bò lanmè a. Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di: — M pa wè anyen! Pandan sèt fwa Eli di li al gade. Sou setyèm fwa a, domestik la di li: — Mwen wè yon ti nyaj k'ap moute sou lòtbò lanmè a. Li gwosè yon plamen. Lè sa a, Eli bay domestik li a lòd sa a: — Ale jwenn wa Akab, w'a di li: Moute cha ou ale lakay ou anvan lapli bare ou. Yon sèl kou a, syèl la vin sonm. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute cha li. L'ale Jizreyèl. Pouvwa Senyè a vin sou Eli. Eli mare rad li nan ren, li pran kouri devan Akab jouk yo rive lavil Jizreyèl.
Li 1 Wa 18
Koute 1 Wa 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 18:41-46
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo