Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: — Senyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m lòd fè tout bagay sa yo. Reponn mwen, Senyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Senyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou. Senyè a voye dife sòti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche. Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: — Se Senyè a ki Bondye! Se Senyè a ki Bondye!
Li 1 Wa 18
Koute 1 Wa 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 18:36-39
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo