Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Senyè a pale ak Eli, li di l konsa: — Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe. Eli pati pou l'al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo. Akab te fè rele Abdyas ki te reskonsab palè a. Abdyas sa a te sèvi Senyè a ak tout kè li. Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Senyè yo, li menm Abdyas te sove san (100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
Li 1 Wa 18
Koute 1 Wa 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 18:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo