1 Wa 17:8-24

1 Wa 17:8-24 HAT98

Lè sa a, Senyè a pale ak Eli, li di l konsa: — Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete kounyeya. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje. Se konsa, Eli leve vre, li pati lavil Sarepta. Lè li rive bò pòtay lavil la, li wè yon vèv ki t'ap ranmase bwa. Li rele li, li di li konsa: — Tanpri, pote ti gout dlo ban mwen bwè. Madanm lan fè sa pou l'al chache dlo a, Eli rele l ankò, li di l konsa: — Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou. Madanm lan reponn li: — Mwen pran Senyè Bondye ou la ki vivan an pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen non. Tout sa mwen genyen, se annik yon ti ponyen farin nan yon ti bòl ak yon ti degout lwil nan dèyè yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti fachin bwa. Mwen pral pare ti manje a pou mwen ak ti gason mwen an. Lè nou fin manje li, nou pral rete konsa jouk grangou touye nou. Eli di li: — Pa bat kò ou! Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l vini. Apre sa, w'a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan. Paske men pawòl Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Senyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò. Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje. Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Senyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli. Kèk tan apre sa, pitit gason metrès kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri. Madanm lan di Eli konsa: — Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m yo, pou fè pitit gason m lan mouri. Eli reponn: — Ban m pitit la. Li pran ti gason an nan men manman l, li moute avè l nan pyès chanm anwo kay la kote li te rete a, li mete l kouche sou kabann li. Apre sa, li lapriyè, li di: — Senyè, Bondye mwen, poukisa pou ou fè vèv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m lakay li, men w'ap pran pitit li. Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di: — Senyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò. Senyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf. Eli pran ti bway la, li desann anba avè l, li renmèt li bay manman l, li di l: — Gade! Ti gason ou lan vivan! Madanm lan reponn: — Kounyeya mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.