1 Wa 17:7-16

1 Wa 17:7-16 HAT98

Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pat tonbe nan peyi a. Lè sa a, Senyè a pale ak Eli, li di l konsa: — Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete kounyeya. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje. Se konsa, Eli leve vre, li pati lavil Sarepta. Lè li rive bò pòtay lavil la, li wè yon vèv ki t'ap ranmase bwa. Li rele li, li di li konsa: — Tanpri, pote ti gout dlo ban mwen bwè. Madanm lan fè sa pou l'al chache dlo a, Eli rele l ankò, li di l konsa: — Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou. Madanm lan reponn li: — Mwen pran Senyè Bondye ou la ki vivan an pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen non. Tout sa mwen genyen, se annik yon ti ponyen farin nan yon ti bòl ak yon ti degout lwil nan dèyè yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti fachin bwa. Mwen pral pare ti manje a pou mwen ak ti gason mwen an. Lè nou fin manje li, nou pral rete konsa jouk grangou touye nou. Eli di li: — Pa bat kò ou! Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l vini. Apre sa, w'a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan. Paske men pawòl Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Senyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò. Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje. Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Senyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli.